Wòl ak enpòtans kriz sosyal yo nan zafè devlopman peyi Dayiti
Eksplorasyon anpil konsekans kriz sosyal sou devlopman peyi Dayiti, mete aksan sou nesesite solisyon kolektif ak patisipasyon sitwayen pou bati yon demen miyò.
Luccene-son CONSERVE
4/5/20242 min lire


Nan pwen jan pou Ayiti chanje si ansanm, nou pa finalman deside chanje fizi n zepòl. Pou m pi klè, sitiyasyon n ap viv nan peyi a jodia, nou ta dwe konsidere l tankou yon remèd pou ede nou geri veritab maladi k ap wonje sosyete nou an depi lontan an: zafè chak koukouy klere pou je w la.
Tout syantifik nan zafè sante ap di w, lè w malad debou li pi mal ke lè w malad kouche. Rezon an senp, si w g on maladi anndan w ki pa deklare, l ap tiye w san l pa menm bò w ti kal chans pou w al wè doktè. Men si maladi a fè w santi prezans li, se yon chans li ba ou pou w sove lavi w.
Gen moun ki ale kay yon espesyalis nan sante, li peye l jis pou l fè l konnen ki maladi li genyen. Sa etonan pa vre? Li pa peye espesyalis la pou geri l, li peye l jis pou l fè l konnen ki maladi l genyen. Paske depi w konn ki maladi w soufri, w ap konnen ki remèd ki kapab geri w. Se tankou yo souvan di: "lè w konnen pwoblèm, se kòmsi se mwatye nan solisyon an".
Kidonk, tout ilistrasyon sa yo mennen nou poze kèk kesyon sou ka Ayiti a. Se pa jodia peyi a malad se vre, men nou tout dakò sou sa l ap vin pi mal chak jou pi plis. Poukisa yon maladi dire konsa nan peyi a? Kisa ki eksplike malè sosyete ayisyèn nan? Kisa ki veritab maladi a? Èske nou pa toujou twonpe nou sou orijin maladi sa a?
Nan kafou sa a, pi bon konpòtman nou ta dwe genyen, se ta poze kesyon sa yo epi chache repons. Se vre, anpil moun di peyi a s on la desepere men se pa laverite. Okontrè, nou ta dwe di Granmèt la mèsi paske l mete nou nan yon sitiyasyon enkonfòtab konsa, ki anpeche n alèz toutan nou pa mobilize bon jan espesyalis sou ka epi jwenn solisyon pou maladi l ap soufri a.
Kriz yo kontribiye anpil nan fè sosyete yo devlope. Men twò souvan, se kèk endividi k ap pwofite kriz la pou rezoud pwòp pwoblèm yo san yo pa trete kriz la tout bon vre. Kounya devwa n antanke pèp, se adopte pi bon atitid posib la pou nou tire bon jan benefis ladan'l k ap bon pou tout moun. Alòs, Ayiti ap dekole tout bon vre.
Luccene-son CONSERVE
Politològ/Etidyan kabalis