ANEA merite yon lòt chans

Nan chak etap nan lavi yon òganizasyon, gen moman difisil ki mande refleksyon, angajman ak volonte pou rebati.

Ann Pale Eskout

3/28/20262 min lire

Nan chak etap nan lavi yon òganizasyon, gen moman difisil ki mande refleksyon, angajman ak volonte pou rebati. Jodi a, reyalite a klè : asosyasyon nou an ap travèse yon peryòd kote li bezwen plis pase kritik—li bezwen aksyon, vizyon ak lespri konstriktif.

Olye nou kontinye kritike pou nou detwi plis toujou, li lè pou nou chwazi konstwi. Chak manm gen yon responsabilite pou pote nouvo lide, nouvo enèji, ak yon nouvo direksyon ki kapab ede ranfòse fondasyon mouvman an. Kritik san solisyon pa mennen okenn kote; se kontribisyon pozitif ki bati avni.

Asosyasyon an ka parèt tankou li kouche jodi a, men li pa mouri. Li merite yon men pou leve li, yon sipò solid pou remete li kanpe. E sèl gwoup moun ki vrèman gen kapasite pou lonje bra sa a, se nou menm eskout yo. Si nou kwaze bra nou, si nou kite konfli pèsonèl pran plas objektif kolektif la, nou riske kite mouvman an disparèt piti piti.

Nou dwe rekonèt tou ke gen moun ki pa gen yon enterè reyèl nan mouvman an. Olye yo travay pou avansman li, yo pito kreye sansasyon, mete divizyon, epi mete enterè pèsonèl ak patizan yo devan enterè asosyasyon an. Konpòtman sa yo pa dwe detounen nou de objektif prensipal nou : bati yon mouvman solid, ini, epi itil pou jenerasyon k ap vini yo.

Se pou sa nou lanse yon apèl sensè : ann bay asosyasyon nou an yon lòt chans. Gen moun jodi a k ap sakrifye tan yo, enèji yo, e menm lavi yo pou wè yon pi bon asosyasyon. Apre prèske 86 ane egzistans, nou tout kapab evalye kote mouvman an rive. Men plis pase yon bilan, se yon moman desizif pou nou pran responsablite nou.

Jodi a dwe yon jou pou ini fòs nou, mete diferans nou sou kote, epi travay ansanm pou ofri jèn yo yon mouvman ki pi bèl, pi solid, epi ki adapte ak reyalite anviwònman nou an. Avni asosyasyon an nan men nou. Ann chwazi leve li